Skip to main content

DASA Resources Translated into Haitian Creole

Resous ki Tradui – Lwa sou Diyite pou Tout Elèv

Nan dat 31 out 2016 la Pwokirè Jeneral Eric Schneiderman ak Kominsyonè Edikasyon Eta a MaryEllen Elia te pibliye yon deklarasyon komen pou ede lekòl ak distri yo konfòm ak Lwa sou Diyite pou Tout Elèv (DASA) yo. Tanpri ale sou sitwèb Pwokirè Jeneral la pou revize tout kominike près la ansanm ak dokiman ki akonpaye l yo.

Depatman Edikasyon Eta Nouyòk (NYSED) la te tradui resous konsènan DASA yo nan dis lang popilasyon Moun k ap Aprann Lang Anglè/Moun ki Pale Plizyè Lang nan Eta plis pale yo, ki disponib nan lyen ki anba a:

Bwochi sou Dwa w konsènan Asèlman

NYSED te kreye yon bwochi ki gen yon sèl paj ki rezime responsablite enpòtan distri ak lekòl la, ak dwa paran ak elèv yo daprè DASA.

Fòmilè pou Rapòte Ensidan

Fòmilè pou Rapòte Ensidan sa a, fè pati resous ki atache nan deklarasyon komen ak kominike près la, epi se te Biwo Eta Nouyòk pou Pwokirè Jeneral (OAG) ak Biwo NYSED pou Sèvis Sipò Elèv la ki te deziyen li. Se yon fòmilè ki sèvi kòm modèl pou ede lekòl yo devlope pwosedi pou rsevwa rapò sou entimidasyon, diskriminasyon, asèlman oswa entimidasyon sou entènèt elèv yo sibi: Li rekòmande pou lekòl yo rasanble enfòmasyon sou ensidan DASA yo alekri, men li pa rekòmande pou yo itilize menm fòmilè sa pou yo rasanble ensidan yo. Lè Biwo Sèvis Sipò Elèv (Office of Student Support) resevwa yon rapò sou ensidan DASA konsènan yon distri ki pa t janm poste pwòp ensidan DASA pa l sou sitwèb li a ni aprè sa ki pa t janm distribiye yon fòmilè konsa bay moun k ap fè rapò DASA a, NYSED souvan bay moun k ap fè rapò a yon kopi fòmilè sa a pou l itilize kòm referans epi pou l itilize lè l ap dokimante ensidan an.

Lis Responsablite Lekòl la

Lis Responsablite Lekòl la fè pati tou pakè resous ki nan deklarasyon komen ak kominike près NYSED ak OAG a.  Yo distribiye fòmilè sa a, bay paran ak elèv ki mande eksplikasyon sou pwosesis pou rapòte ensidan ke yo kwè ki kapab vyole DASA. Li souvan enpòtan pou paran ak elèv yo konnen kisa yo gen dwa rekòmande epi kisa pou yo atann pou lekòl yo a aplike selon DASA lè yo vle rapòte yon ensidan ofansif ke yo te temwen oswa viv.

Kisa Lwa sou Diyite pou Tout Elèv (Dignity for All Students Act) la ye? (Harrassment one pager)

Fòmilè pou Rapòte Ensidan (Pou Dosye Distri/Lekòl Sèlman) (Incident Reporting Form)

Lwa sou Diyite pou Tout Elèv (Dignity for All Students Act) (List of School Responsibilities)